Accessibility links

Breaking News

FBI ap Mennen Ankèt sou yon Ex-Ofisye CIA ki tap Fè Espyonaj pou Katar


Foto Achiv: Yon afich ki anonse Mondyal la tou pre Sant Konvansyon Doha a kote tiraj pou Mondyal la te dewoule nan mwad Mas la.
Foto Achiv: Yon afich ki anonse Mondyal la tou pre Sant Konvansyon Doha a kote tiraj pou Mondyal la te dewoule nan mwad Mas la.

Yon ansyen ofisye CIA ki te espyone rival Katar yo pou ede ti peyi Arab la ranpòte Mondyal futbòl la nan pwoblèm ak FBI kounyea. Biwo Federal Envestigasyon Etazini ap mennen ankèt sou misye apre yo jwenn kèk nouvo dokiman ki montre kijan li te ofri Katar pou'l fè espyonaj pou ede'l eseye enfluyanse politik Etazini.

Associated Press mennen ankèt sou travay Kevin Chalker ak konpayi li a, Global Risk Advisors te fè pou Katar.

Gen 2 moun ki familye ak ankèt FBI la ki di envestigasyon an santre sou kestyon pou konnen si Chalker te vyole lwa ki gen rapò ak presyon etranje, siveyans epi ekspòtasyon teknoloji sansib.

Avoka Chalker la di konpayi an pat janm patisipe nan okenn aktivite ilegal.

XS
SM
MD
LG