Accessibility links

Breaking News

Klib Ikrenyen Shakhtar Mande FIFA Mete Iran Deyò Nan Koup Di Mond lan, E Ranplase l ak Ikrèn


FBL-WC-2022-FRIENDLY-MOENCHENGLADBACH-UKRAINE
FBL-WC-2022-FRIENDLY-MOENCHENGLADBACH-UKRAINE

Lendi, klib Ikrenyen an Shakhtar Donetsk mande FIFA pou l bay Ikrèn plas Iran nan koup di mond 2022 a ki gen pou fèt nan Katar (20 novanm pou rive 18 desanm), pandan Kyiv akize Teheran kòmkwa li te livre dron Moskou pou sipòte envazyon li a.

Sergey Palkine te di nan yon deklarasyon ki afiche sou medya sosyal li "Pandan lidè Iranyen yo pral pran plezi ap gade seleksyon nasyonal yo ap jwe nan Mondyal la, Ikrenyen yo pral pèdi lavi yo ak dron Iranyen ak misil Iranyen yo".

Pandan plizyè semèn, Kyev te akize Teheran ke li te livre 136 dron bay Moskou, ke daprè yo Larisi te itilize pou vize enfrastrikti enèji a an patikilye.

"Shakhtar mande FIFA ak tout kominote entènasyonal la pou yo entèdi imedyatman seleksyon Iranyen an jwe nan koup di mond lan apre patisipasyon dirèk nan lagè a nan peyi Ikrèn".

Mesye Palkine di FIFA ke ekip Ikrenyen an dwe ranplase Iran paske dapre li Ikrenyen yo pwouve ke yo merite patisipe nan koup du mond lan".

Seleksyon Ikrenyen an te jwenn eliminasyon li nan match baraj yo, kote yo te bat Ekos 3 a 1 nan Glasgow anvan yo te al pèdi devan Wales (1 a 0).

XS
SM
MD
LG