Accessibility links

Breaking News

Peyi Inyon Ewopeyen yo Mande pou Nasyonzini Lanse yon Ankèt sou Dwon Iranyen nan Ikrèn


FILE - In this photo released by the Iranian Army on Aug. 25, 2022, a drone is launched from a warship in a military drone drill in Iran.
FILE - In this photo released by the Iranian Army on Aug. 25, 2022, a drone is launched from a warship in a military drone drill in Iran.

Lafrans, Wayòm Ini a ak Almay voye yon let bay Nasyonzini pou mande yon ankèt "enpasyal" sou dwon Iranyen ke Larisi itilize kont Ikrèn nan lagè a.

Peyi sa yo mande " Ekip Sekretarya Nasyonzini an ki responsab aplike Rezolisyon Konsèy Sekirite a 2231, e yo di yo pare pou sipòte travay Sekretarya a pou mennen ankèt teknik, san patipri . Dapre AFP lèt sa te al nan biwo Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Antonio Guterres.

Rezolisyon 2231 ki date depi ane 2015 ankadre akò nikleyè ant Teheran, Larisi, Lachin, Almay, Wayòm Ini a ak Lafrans, ki nan moman sa a te dako pou leve gradyèlman sanksyon ekonomik kont 'Iran.

Nan lèt la, Anbasadè franse Nicolas de Rivière, Anbasadè Alman Antje Leendertse ak Anbasadè Britanik James Kariuki di ke yo "pwofondman konsène sou transfè dwon Iran yo nan Larisi ki se yon vyolasyon rezolisyon Konsèy Sekirite 2231 an.

XS
SM
MD
LG