Accessibility links

Breaking News

Vladimir Putin Prezante Lwa Masyal Nan 4 Rejyon Ikrèn LaRisi Anekse Yo


APTOPIX Russia Putin
APTOPIX Russia Putin

Prezidan Vladimir Putin prezante lwa marsyal mèkredi nan 4 rejyon nan Ikrèn ke LaRisi te anekse, pandan kèk rezidan nan vil Kherson ki anba kontwòl LaRisi te pati nan bato apre Moskou te avèti ke li ta pwal lanse yon ofansiv, se sa ajans nouvèl Reuters rapòte.

Imaj moun k ap kouri kite Kherson te pase sou televizyon leta ris – ki moutre moun k ap kite riv dwat Flèv Dniepr pou janbe sou riv goch la – nan kad yon efò pou fè sivil kite vil la anvan li tounen yon zòn konba.

8 mwa apre envazyon an, Ikrèn ap fè kèk gwo kont-ofansiv nan lès ak sid la pou li chache pran mezi teritwa ke li ka pran anvan sezon ivè a apre li te fin repouse fòs ris yo nan kèk zòn.

XS
SM
MD
LG