Accessibility links

Breaking News

PNH Anonse Lanmò Bra Dwat Chèf Gang Vitelòm


@PNH
@PNH

Responsab kominikasyon Polis Nasyonal Ayisyen (PNH) anonse sou rezo sosyal lanmò chef gang Sonel ki tonbe pandan yon echanj kout zam, nan moman li te kontre ak yon patrouy ajan PNH yo.

Dapre sa otorite yo fè konnen chèf gang sa a se bra dwat Vitelòm, e dapre detay yo bay, Vitelòm te fèk enstale li sou Wout Frè a.

Zak sa a pase 22 oktòb. Dapre enfòmasyon otorite yo jwenn, gang lan te vizite sitwayen ki ap fè biznis nan zòn ak yon anvlòp ki gen ladann yon grenn katouch.

Dapre lapolis, anvlòp sa yo ke bandi yo remet responsab biznis yo, se te yon fason pou ba yo presyon.

XS
SM
MD
LG