Accessibility links

Breaking News

Nòvèj Arete Yon Swadizan Espyon Ris


Norway Bow and Arrow Attack
Norway Bow and Arrow Attack

Sèvis entèlijans Nòvejyen an (PST) anonse arestasyon yon moun ke yo sispèk se yon espyon Ris ki, dapre yo, ap pretann se yon chèchè brezilyen.

Yo te arete sispèk la Lendi maten pandan li te sou wout pou al travay nan Univesite Tromsø ki sitiye nan (nò) peyi a, dapre televizyon piblik Nòvejyen NRK.

Nimewo 2 PST a Hedvig Moe te di TV2: "Nou panse endividi sa se yon espyon ki nan peyi a kap travay pou otorite Ris yo."

PST a, ki di ke li travay an konsètasyon ak lòt sèvis entèlijans nan plizyè peyi alye, e yo pral mande pou ekspilse endividi sa a.

Antretan, yo arete sispèk la e l ap rete femen nan prizon pou 4 semèn.

Nan Univesite Tromsø, li te travay sou politik Nòvejyen.

Arestasyon sa a vini apre plizyè arestasyon sitwayen ris ke yo te akize deske li volè dron Nòvejyen an vyolasyon entèdiksyon sivolans yo te enpoze kont Larisi akòz lagè a nan Ikrèn.

XS
SM
MD
LG