Accessibility links

Breaking News

Lajistis Ameriken Asiyen 2 Ofisye Chinwa an Koneksyon ak yon Konplo pou Bloke yon Ankèt sou Huawei


Minis Jistis Merrick Garland (mitan) ak Minis Jistis Adjwen Lisa Monaco (goch) epi e FBI Christopher Wray, pandan yon konferans pou lapres nan Washington, 24 Oktob, 2022.
Minis Jistis Merrick Garland (mitan) ak Minis Jistis Adjwen Lisa Monaco (goch) epi e FBI Christopher Wray, pandan yon konferans pou lapres nan Washington, 24 Oktob, 2022.

Lajistis Etazini akize 2 ajan ransèyman Lachin dèske yo te eseye bloke yon ankèt kriminèl kont konpayi teknoloji Chinwa Huawei.

Depatman Jistis la anonse Lendi ke li akize 2 mesye yo dèske yo tap eseye pase lòd bay yon moun yo te kwè tap kowopere ak gouvènman an pou'l ba yo enfòmasyon sou ankèt Huawei la.

Sepandan moun nan te yon ajan doub ki tap travay ak FBI. Gen 11 lòt Chinwa ke Lajistis akize de divès krim ke Direktè FBI Christopher Wray di montre "atak ekonomik ak vyolasyon dwa moun Lachin fè pati menm pwoblèm nan."

Washington akize Peken depi lontan dèske lap foure bouch li nan zafè politik Etazini epi volè sekrè ak pwopriyete entelektyèl.

XS
SM
MD
LG