Kyrylo Tymoshenko ki se asistan chef biwo Prezidan Volodymyr Zelenskyy, di 3 frap touche yon enstalasyon ki founi enèji nan Kyèv.
Majistra kominal Kyèv, Vitali Klitschko, di nouvèl yo rapòte eksplozyon nan nò kapital la, ki frape yon “enstalasyon enèji ki enpòtan anpil”.
2 frap aeryen fè dega grav nan yon enstalasyon enèji nan vil Dnipro, dapre Tymoshenko.
Majistra Zhytomyr la di yon frap aeryen kite vil la san dlo ak elektrisite.
Zelenskyy deklare LaRisi t ap vize enfrastrikti enèji nan sa li rele « atak teworis LaRisi. »
Li di nan yon Tweet, “Depi10 Oktòb pase, 30 pousan estalasyon enèji nan Ikrèn detwi, e lakoz blakawout anpil
kote nan peyi a, » e li ajoute, « Pa gen plas pou negosyasyon ak rejim Putin nan. »