Accessibility links

Breaking News

Plizyè Dwon Chaje ak Eksplozif Atake Kyèv


Ankete yo enspekte yon lye kote yon obi sible yon bilding administratif nan Donetsk, es Ikren, Dimanch 16 Oktob, 2022.
Ankete yo enspekte yon lye kote yon obi sible yon bilding administratif nan Donetsk, es Ikren, Dimanch 16 Oktob, 2022.

Plizyè dwon chaje ak eksplozif atake kapital Ikrèn nan nan orè kote te gen anpil aktivite lendi maten, yon semèn apre frap misil ris te deranje yon kalmi nan Kyèv.

Otorite Ikrèn yo fè konnen se dwon ke Iran fabrike, ke LaRisi te anplwaye pou lanse atak kamikaz la. Dwon sa yo fèt pou al kraze sou pozisyon ke yo vize a.

Prezidan Volodymyr Zelensky di sou Telegram: « Tout lannwit ak tout maten an, lènmi an teworize popilasyon sivil la, » Li ajoute: “lènmi ka atake vil nou yo men yo p ap ka kraze volonte nou.”

Majistra Kyèv la Vitaly Klichko fè konnen ke pami zòn ki pran frap yo, gen distri santral Schevchenko, menm zòn kote misil ris te atake semèn pase a nan kad frap aeryen k ap fèt sou tout peyi a.

XS
SM
MD
LG