Accessibility links

Breaking News

Erdogan Bay Lòd pou Tiki Kòmanse Travay sou Santral Gaz Putin Pwopoze a

Russia's President Vladimir Putin, right, and Turkey's President Recep Tayyip Erdogan shake hands during their meeting on sidelines of the Conference on Interaction and Confidence Building Measures in Asia (CICA) summit, in Astana, Kazakhstan, Oct. 13, 20

Prezidan Tik la, Recep Tayyip Erdogan, di Latiki ak Larisi te bay otorite enèji nan chak peyi yo lod pou yo kòmanse imedyatman etid teknik sou yon pwopozisyon ke Larisi te fè ki kapab fè Latiki tounen yon sant gaz pou peyi Ewòp yo.

Prezidan Ris Vladimir Putin te pwopoze pou ekspòte plis gaz atravè tiyo TurkStream ki kouri anba Lanmè Nwa a ale nan peyi Latiki apre livrezon gaz ki te konn fèt nan peyi Almay atravè tiyo Nord Stream nan Lanmè Baltik la te sispann.

Erdogan te di otorite enèji Ris ak Tik yo ta travay ansanm pou chache konnen ki pi bon kote pou yo gen yon sant distribisyon gaz, e li te ajoute ke rejyon Thrace la nan Latiki a, ki sou fwontyè Lagrès ak Bilgari, ta sanble youn nan pi bon kote yo.

XS
SM
MD
LG