Accessibility links

Breaking News

Merkel "Pa Regrèt" Politik Enèjetik li Vizavi Larisi


Ansyen Chanselye Alman an, Angela Merkel, dekalre jedi ke li pa gen gen okenn regrè deske li te achte gaz nan men Moskou pandan 16 ane li te pase sou pouvwa a. Dapre Merkel pa gen okenn founisè gaz ki miyò ke Larisi.

Nan yon konferans pou laprès nan Lisbon Merkel deklare ke "Nan epòk la, li te trè rasyonèl pou nou te achte gaz ris la paske li pi bon mache pase LNG (likèfied gaz natirèl) ki se gaz nan lòt rejyon nan mond lan".

Li te kontinye pou l di: "Menm pandan Gè Fwad la, Larisi te yon founisè enèji serye".

Depi envazyon Larisi nan Ikrèn nan mwa fevriye a, Merkel te jwenn akizasyon ke peyil te depann anpil sou enèji Ris la sitou konstriksyon tiyo gaz Nord Stream 2 a malgre anpil rezèv patnè Ewopeyen ak Ameriken li yo te genyen.

Siksesè li a, Olaf Scholz, bò kote l 'te deklare ke Almay te "te konte twò lontan ak twò inilateralman sou pwovizyon enèji ki soti nan Larisi".

Men, Madam Merkel rekonèt ke lagè nan Ikrèn te chanje sitiyasyon an.

Merkel di: "Atak brital sa a soti nan Larisi te pote yon chanjman".

XS
SM
MD
LG