Accessibility links

Breaking News

LOTAN: Yon Reyinyon ki Pral Fokalize Sou Defans Ikrèn


UKRAINE-CRISIS/NATO
UKRAINE-CRISIS/NATO

Minis defans Ikrèn nan gen pou l pale nan dènye reyinyon Gwoup Kontak pou Defans Ikrèn nan ki gen Etazini nan tèt li, kote li pwal rankontre tou ak minis defans l-OTAN-yo pou diskite sou jan y ap sipòte Ikrèn nan batay li kont envazyon ris la.

Sekretè Jeneral l-OTAN Jens Stoltenberg di jounalis yo ayè madi a ke chita-koze yo pwal bay yon opòtinite pou Ikrèn prezante yon lis bagay li bezwen e wè kouman lis la akòde ak sa peyi patnè yo ka bay.

Stoltenberg di reyinyon an vini nan yon “moman enpòtan pou sekirite nou” apre tou sa ki rive nan kèk semèn ki pase yo, ki te pote « akselerasyon pi grav ki fèt depi envazyon an nan mwa Fevriye pase.”

Li fè konnen alye l-OTAN yo voye yon mesaj ki di yo pare pou sipòte Ikrèn toutotan sa nesesè.

XS
SM
MD
LG