Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Manifestan Pran Lari Kont Demann Ariel Henry Fè Pou Èd Militè Entènasyonal


People march during a protest against the government and rising fuel prices, in Port-au-Prince, Haiti, Oct. 3, 2022.
People march during a protest against the government and rising fuel prices, in Port-au-Prince, Haiti, Oct. 3, 2022.

Plizyè milye ayisyen manifeste nan tout peyi a - prensipalman Pòtoprens - kont apèl ke gouvènman an fè pou jwenn yon èd etranje pou jere pwoblèm ensekirite a, ki koze yon kriz imanitè epi retou yon epidemi kolera.

Apre apel la, te gen manifestasyon tout kote nan peyi a. Te gen vyolans tou ak sèn piyaj kote lapolis te itilize gaz lakrimojèn pou dispèse foul la.

Plizyè moun te viktim anba katouch, dapre korespondan VOA gen yon jèn fi ki pèdi lavi li nan manifestasyon.

Òganizatè yo te blame lapolis pou lanmò a. Dapre yo, "Jèn ti fi sa a pat reprezante okenn menas. Yo te touye li ".

Manifestan yo denonse "Etazini ak Kanada k ap entèfere nan zafè entèn peyi Dayiti."

Gen yon manifestan ki te deklare bay AFP "Nou sètènman bezwen èd pou devlope peyi nou an. Men, nou pa bezwen militè . Anplis, gouvènman sa a pa gen okenn lejitimite pou mande asistans militè. Nou opoze ak opsyon sa ".

Gouvènman ayisyen an ofisyèlman te fè vandredi yon demann li bay kominote entènasyonal la pou yon "fòs lame espesyalize" yon fason pou "kontre gang ki bloke tèminal gaz la.

Dimanch, Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Antonio Guterres, "te mande kominote entènasyonal la (...) egzaminen an ijans" demand sa a.

Li denonse nan yon lèt li voye bay manm Konsèy Sekirite a "gang kriminèl ki pran kontwòl enfrastrikti estratejik tankou pò entènasyonal Pòtoprens ak prensipal tèminal gaz nan peyi a (Varreux)".

Sitiyasyon an nan peyi a vin pi mal apre aparisyon maladi kolera a, ki te touye plis pase 10,000 moun retounen nan peyi a.

Deja gen 32 ka ki konfime, e gen 16 moun ki deja pèdi lavi yo dapre Ministè Sante Piblik ayisyen an. MSP site tou ke gen 224 ka sispèk, patikilyèman nan prizon sivil Port-au-Prince lal ki se, pi gwo sant prizon nan peyi a.

XS
SM
MD
LG