Accessibility links

Breaking News

LOTAN Pran Prekosyon Pou Kantite Zam lap Bay Ikrèn Pa Vin Kreye Yon Fay nan Sistèm Defans li

NATO Secretary-General Jens Stoltenberg, right, talks to Chair of the NATO Military Committee, Admiral Rob Bauer during a meeting of NATO defense ministers in the Ukraine Defense Contact Group format at NATO headquarters in Brussels, Oct. 12, 2022.

Òganizasyon Trete Atlantik Nò a ( L OTAN) ki pap patisipe dirèkteman nan lagè Ikrèn nan, bay peyi a anpil zam pou defann tèt li kont Larisi.

Men, peyi manm yo ap fè fas a yon gwo defi paske yo pa vle pou zam yap voye bay Kièvvinn afekte enfrastrikti enpòtan ke y ap proteje nan peyi Ewopeyen yo, tankou pa egzanp tiyo gaz, oswa kab fib optik ke Larisi ta ka vle sabote kom vanjans.

Minis defans LOTAN yo nan Mèkredi ap diskite sou fason pou ogmante pwodiksyon zam yo epi bay Ikrèn zam li bezwen pou defann tèt li. Yo ap eseye tou pwoteje tiyo gaz la ki vilnerab ansam ak tout kab ki pase anba lanmè a.

Domaj nan kèk enfrastrikti ki te fèt nan semèn ki sot pase yo, te mete peyi yo chita sou tab pou yo fè yon ti reflechi sou si wi ou non Larisi ap lanse yon atak ibrid.

Yo te diskite tou sou fason pou defann atak ibrid sa yo si sa ta fèt.

XS
SM
MD
LG