Accessibility links

Breaking News

Lame Ris la Repouse Atak Lame Ikrenyèn nan Sou Liy Defans li


This video grab taken from a handout footage released by the Russian Defence Ministry on April 23, 2022, shows Russian Defense Ministry spokesman Major General Igor Konashenkov holding a briefing.
This video grab taken from a handout footage released by the Russian Defence Ministry on April 23, 2022, shows Russian Defense Ministry spokesman Major General Igor Konashenkov holding a briefing.

Nan peyi Larisi, Ministè Defans-la fè konnen ayè jedi 6 oktob-la, Lame ris la repouse atak lame ikrenyèn nan sou liy defans li .

Pòtpawol ministè defans la, Igor Konashenkov, nan chita pale li avek laprès ki fèt chak jou-a eksplike, ke sòlda ris yo repouse nan tout direksyon yo ofansiv enmi an.

Nan direksyon Kupyansk, solda enmi-yo ki te gen jiska 3 gwoup batayon taktik te tante san siksè pou rekomanse ofansiv yo nan direksyon Pershotravene, Kislovka ak Berestove. Nan kek aksyon « gason-pa-kanpe « twoup ris yo repouse tout atak sa-yo . Gen plis pase 120 militè lame Ikrèn , 5 cha, 12 veyikil konba blende ak 14 lòt veyikil detwi .

Deklarasyon mesye Konashenkov sa-yo fèt malgre anpil medya fè konnen Ikrèn fè gwo pwogrè sitou nan Kerson ki nan pati sid peyi a .

Dayè prezidan peyi a, Volodimyr Zelenskyy, ayè jedi a bat bravo pou avanse fòs zame ikrenyen yo.

"Depi premye oktob , nan sel rejyon Kerson nan, plis pase yon demi-milye kilomèt kare teritwa ak plizyè koloni jwenn liberasyon yo malgre swa-dizan referandòm ris la . Yo gen sisksè tou nan pati lès la . "

Zelensky ajoute: "Gen yon jou kap vini nap gen sikse tou nan rejyon Zaporizhzhia a – nan zon ki tojou anba kontwol okipan an . Jou-va , jouvyen , nap gen tou pounn pale de liberasyon Krime."

Pansansetan Moskou kontiye-a ap fè menas pou l itilize tou mwayen pandan loksidan, sitou Etazini ak Unyon Ewopeyèn kontinye ap miltipliye sanksyon kont Larisi .

XS
SM
MD
LG