Accessibility links

Breaking News

Ikrèn Garanti 'Lavi ak Sekirite' Tout Sòlda Ris ki Vle Rann Tèt Yo


Ukrainian Defense Minister Oleksiy Reznikov holds a news conference about the support for Ukraine in Copenhagen, Denmark, Aug.10, 2022. (Ritzau Scanpix/Martin Sylvest via Reuters)
Ukrainian Defense Minister Oleksiy Reznikov holds a news conference about the support for Ukraine in Copenhagen, Denmark, Aug.10, 2022. (Ritzau Scanpix/Martin Sylvest via Reuters)

Minis Defans ikrenyen an, Oleksiy Reznikov, mande twoup Larisi yo pou yo depoze zam yo, e li pwomèt ke li pap detwi "lavi yo, li garanti yo sekirite ak jistis."

Reznikov te pale an Ris nan yon videyo ke li te adrese a twoup Ris yo kote'l di: "Ou ka toujou sove Larisi, soti nan trajedi sa a, e retire lame Ris la anba imilyasyon sa a " .

Li te kontinye poul di " nou garanti sekirite ak jistis pou tout moun ki imedyatman refize goumen. Epi nou pral asire yon tribinal pou moun ki te bay lòd kriminèl sa a".

Depi septanm, lame Ikrenyen an lanse yon kont-ofansif ki lakoz ris yo fè bek atè sou teren batay la nan kek vil ke yo te okipe depi nan kòmansman lagè a. Ikrenyen yo repran plizyè milye kilomèt kare nan lès la ak nan sid peyi a, dapre sa otorite yo di.

XS
SM
MD
LG