Accessibility links

Breaking News

Putin Siyen yon Lwa Pou Anekse Ofisyèlman 4 Rejyon Ikrèn


Russian President Vladimir Putin speaks during a meeting with the winners and finalists of the School Teacher of the Year
Russian President Vladimir Putin speaks during a meeting with the winners and finalists of the School Teacher of the Year

Prezidan ris Vladmir Putin siyen yon lwa mèkredi pou anekse ofisyèlman, kidonk antre nan teritwa LaRisi 4 rejyon nan Ikrèn, yon aksyon ke loksidan kondane e ki fèt apre fòs Ikrèn yo fin vanse nan yon kont-ofansiv pou yo repran kèk zòn ki anba kontwòl LaRisi.

Desizyon LaRisi a, ke palman ris la apwouve semèn sa a, pran Donetsk, Luhansk, Zaporizhzhia ak Kherson kòm teritwa ris.

Otorite ke LaRisi te enstale te òganize referandòm nan zòn sa yo.

Asanble Jeneral l-ONU an gen pou li vote, lòt semèn, sou yon pwojè-rezolisyon ki kondane aneksasyon an. LaRisi te sèvi ak pouvwa veto li pou bloke yon mezi konsa nan Konsèy Sekirite l-ONU an semèn pase.

Kèk èd-tan anvan sa, Zelenskyy te poste yon tweet kote li remèsi Prezidan Etazini Joe Biden apre lidè ameriken an fin anonse 625 milyon dola nouvo èd militè pou Ikrèn.

XS
SM
MD
LG