Accessibility links

Breaking News

Lafrans: Kou Dapèl nan Paris Leve Sele ki Te Poze Sou Yatch Yon Oligark Ris


FRANCE-UKRAINE-RUSSIA-CONFLICT
FRANCE-UKRAINE-RUSSIA-CONFLICT

Lajistis nan peyi Lafrans de leve sele sou yon yatch Alexei Kouzmitchev ki se youn nan oligark ris ki pwoch Prezidan Vladimir Putin, ke otorite yo te mete lapat sou li depi mwa mas la nan Antibes (Alpes-Maritimes).

Desisyon sa te pran nan kad sanksyon Inyon Ewopeyen an te pran kont oligark yo apre envazyon Ris la nan peyi Ikrèn.

Nan yon lòd ki pote dat 6 oktob la, Kou Dapèl Pari a anile sele sa ki te poze sou yatch la akoz te gen iregilarite nan desisyon an.

Avoka Mesye Kouzmitchev te di AFP ke "Tribinal la konfime ke Ladwan te fè yon poze sele sa pat an règleman ak la lwa ".

Ladwàn pa t vle reyaji oswa presize si desizyon sa a te enplike bato a ki rele "La Petite Ourse".

21 Mas, yo te poze sele sou yon lòt yatch Misye Kouzmitchev "La petite Ourse II" nan Cannes, ki vo apeprè $1,2 milyon . Oligark la vle defye poze sele sa kote li ap tann desizyon Tribinal d Apèl Rouen an.

Alexei Kuzmitchev "se yon gwo aksyonè nan konglomera Alfa Group, ki gen ladan Alfa Bank, youn nan pi gwo kontribyab nan peyi Larisi". Dapre Inyon Ewopeyen an, yo te mete misye sou lis moun ki vize pa sanksyon yo.

XS
SM
MD
LG