Accessibility links

Breaking News

Anpil Kesyon ap Poze Sou Kapasite Endonezi Pou l Òganize Mondyal U20 an


In this Oct. 1, 2022, picture, a group of people carry a man after a football match between Arema FC and Persebaya Surabaya at Kanjuruhan stadium in Malang, East Java.
In this Oct. 1, 2022, picture, a group of people carry a man after a football match between Arema FC and Persebaya Surabaya at Kanjuruhan stadium in Malang, East Java.

Endonezi ki jwenn otorizazyon pou òganize nan ane k ap vini an Mondyal pou jwè ki pako gen 20 lane a, se yon kokenn reyalizasyon nan football pou peyi a. Sa fè gen espwa ke si chanpyona sa a gen siksè, sa ta rezoud pwoblèm ki la depi lontan, ki te fè spò a gen pwoblèm nan peyi sa a ki gen 277 milyon moun.

Lanmò pou pi piti 125 moun nan yon match nan nivo lig ant Arema FC ki t ap jwe lakay li nan vil Malang nan Java Ès, ak Persebaya Surabaya, samdi a, fè sonje yon jan trajik ke Endonezi se youn nan peyi ki pi danjere pou moun al asiste yon match.

Sekretè Jeneral l-ONU Antonio Guterres te eksprime dimanch kondolyans pou fanmi ke trajedi a touche. Li ekzòte « otorite-yo pou yo mennen yon ankèt total sou ensidan-an » e pran tout mezi nesesè pou bagay konsa pa rive ankò. Otorite yo sispann lig la depi samdi.

XS
SM
MD
LG