Accessibility links

Breaking News

Endonezi: Omwen 129 Moun Mouri nan Yon Match Foutbòl, Pami yo 32 Timoun


Arema FC supporters enter the field after the team they support lost to Persebaya after a football match at Kanjuruhan Stadium
Arema FC supporters enter the field after the team they support lost to Persebaya after a football match at Kanjuruhan Stadium

Omwen 129 moun jwenn lanmò yo samdi swa nan peyi Endonezi apre dezòd te pete kote spektatè yo tap pouse youn lòt, apre ekip foutbòl Arema FC pèdi 3 a 2 devan Persebaya Surabay.

Defèt la te koze fanatik anvayi yon teren foutbòl la apre match la, dapre sa otorite yo di. Nan peyi Endonezi rivalite ant fanatik foutbòl yo souvan deklanche zak vyolans.

Fanatik ekip Arema FC te desann sou teren an nan stad Kanjuruhan , apre ekip yo te pèdi. Se premye fwa nan 20 an ke Arema FC pèdi devan ekip Persebaya Surabaya.

Dapre sa yon ofisyèl nan Ministè Fanm ak Byennèt Timoun te di AFP, pami moun ki mouri yo, gen omwens 32 timoun.

XS
SM
MD
LG