Accessibility links

Breaking News

Karine Jean-Pierre: 'Washington Pral Travay sou Nouvo Sanksyon kont Moskou'


White House Press Secretary Jean-Pierre holds the daily press briefing at the White House in Washington
White House Press Secretary Jean-Pierre holds the daily press briefing at the White House in Washington

Pòtpawòl Mezon Blanch Karine Jean-Pierre di laprès ke Washington "pap janm rekonèt tantativ ilegal ak ilejitim ke Ris yo pou anekse plizyè rejyon nan Ikrèn".

Li te fè deklarasyon sa a Mèkredi apre ris yo te òganize nan Ikrèn yon "referandòm" pou plizyè rejyon vin fè pati Larisi.

Kièv ak peyi alye li yo nan lwès la denonse referandom sa a.

Karine Jean-Pierre asire ke Etazini ak alye yo ap prepare "anplis" sanksyon ekonomik kont Moskou. Dapre Washington, 4 rejyon sa yo nan Ikrèn ki anba kontwòl Moskou pa gen opsyon pou yo fè "yon chwa ki lib".

XS
SM
MD
LG