Accessibility links

Breaking News

Depatman Deta Gen Kè-Sote pou Larisi Pa Anwole Ameriken ki Gen Sitwayènte Ris pou Al Goumen nan Ikrèn


UKRAINE-CRISIS/RUSSIA-MOBILISATION
UKRAINE-CRISIS/RUSSIA-MOBILISATION

Depatman Deta ameriken eksprime kè-sote mèkredi pou Ameriken ki gen doub sitwayènte ak LaRisi kòmkwa Moskou ka anwole yo pou ede l goumen nan lagè Ikrèn nan.

LaRisi ka refize rekonèt doub sitwayènte pou sitwayen ris ki natiralize ameriken, anpeche yo jwenn sèvis nan konsila ameriken, anpeche yo pati kite LaRisi, e anwole sitwayen doub nasyonalite yo pou fè sèvis militè,” se sa ki di nan yon kominike Depatman Deta.

Li di ke sitwayen ameriken pa ta dwe vwayaje nan LaRisi e ke nenpòt nan yo ki laba a kounyea “ta dwe kite peyi a touswit pandan genyen toujou vòl komèsyal limite.”

Depatman Deta di vòl pou kite LaRisi “limite anpil pou kounyea e ke pou moun ki bezwen youn brid-sou-kou, li ka pa posib. Wout nan machin ak nan otobis rete ouvè toujou,” dapre Depatman Deta.

XS
SM
MD
LG