Accessibility links

Breaking News

Biwo LONU k ap Defann Dwa Moun Mande pou Otorite Ris Yo Lage Sitwayen yo Arete Pandan Manifestasyon yo


Russia Protest
Russia Protest

Biwo l-ONU k ap defann dwa moun mande pou lage sitwayen ris ki anba kòd daprezavwa yo t ap pwoteste kont desizyon Prezidan Vladimir Putin pou voye plis moun al goumen nan Ikrèn.

Preske 2,400 manifestan, dapre nouvèl yo, jwenn arestasyon yo divès kote nan LaRisi apre deklarasyon Prezidan Vladimir Putin, mèkredi pase, pou lanse yon mobilizasyon twoup an pati pou al ede nan envazyon Ikrèn nan.

Apèl li pou voye jiska 300-mil rezèvis al ranfòse lame ris nan Ikrèn te deklannche manifestasyon kont gè a.

XS
SM
MD
LG