Accessibility links

Breaking News

Etazini Mande Larisi Sispann Menase Pou Itilize Zam Nikleyè


combo photography Anthony Blinken and Sergey Lavrov
combo photography Anthony Blinken and Sergey Lavrov

Sekretè Deta Etazini Anthony Blinken pale ak LaRisi an piblik kou an prive pou di-l “sispann pale vag sou zam nikleyè” nan konfli Ikrèn nan apre Prezidan ris Vladimir Putin fin bay yon deklarasyon kote li di l ap sèvi ak kèlkeswa mwayen an pou l defann LaRisi.

“Li enpòtan anpil pou Moskou tande nou lè nou di pwal gen konsekans grav, e nou di sa byen klè, » se konsa Blinken te pale nan pwogram Televizyon 60 minutes, sou CBS News, nan yon entèvyou ki pase dimanch swa.

Blinken deklare ke sèvi ak zam nikleyè “ap gen efè katastwofik pou, natirèlman, peyi ki sèvi ak yo, men pou anpil lòt tou.”

Repons Etazini an vini apre Putin te avèti, semèn pase-a, ka gen yon atak nikleyè, pandan li rele jiska 300-mil militè rezèvis pou ede LaRisi goumen nan envazyon li ki la depi 7 mwa a nan Ikrèn.

XS
SM
MD
LG