Accessibility links

Breaking News

Ikrèn Ak Loksidan Rejte Referandòm Ris Yo ap fè nan 4 Rejyon li Kontwole Yo


UKRAINE-CRISIS/REFERENDUMS-DONETSK
UKRAINE-CRISIS/REFERENDUMS-DONETSK

Vòt la pwal fini nan referandòm otorite ke LaRisi te enstale òganize nan 4 pati nan Ikrèn, e ke gouvènman Ikrèn nan ak alye li yo nan loksidan rejte.

“Nou kanpe ak patnè nou yo nan mond la pou rejte kèlkeswa rezilta ke LaRisi ta fòje, » se sa sekretè laprès Mezon Blanch Karine Jean-Pierre di jounalis madi.

Vòt la te tanmen vandredi a nan rejyon Luhansk ak Kherson ke LaRisi kontwole, e nan zòn okipe ki se Donetsk ak Zaporizhzhia. Nan kèk ka, solda ris te mache pòt an pòt pou fè moun al vote.

An nou imajine ke LaRisi sètoblije sèvi ak zam ki pi pwisan an kont rejyon Ikrèn nan ki komèt yon kokenn zak agresyon, ki danjre pou ekzistans peyi nou an menm,» se sa Medvedev ekri sou chèn mesaj li. Li ajoute, « Mwen kwè ke l-OTAN pwal evite mele direkteman nan konfli a nan ka sa a.”

Sekretè Deta Etazini Anthony Blinken di nan pwogram “60 minutes”, 60 minit, sou chèn televizyon CBS nan yon entèvyou ki pase dimanch swa, ke Etazini te pale klè an piblik kou an prive ak LaRisi pou mande li “sispann di nenpòt bagay sou kesyon zam nikleyè a.”

XS
SM
MD
LG