Accessibility links

Breaking News

Rapè Kanye West Pa Bay Konvèsasyon Kap Fèt sou Sante Mantal Twòp Enpòtans


Foto Achiv: Kanye West rive nan fet Oscar magazin Vanity Fair la, 9 Fevriye 2020.
Foto Achiv: Kanye West rive nan fet Oscar magazin Vanity Fair la, 9 Fevriye 2020.

Rapè Kanye West, ki vle pou moun rele'l Ye kounyea, deklare diskisyon kap fèt sou "sante mantal" se pwopagan medya yo ap fè pou diminye valè moun ki pa konfome yo ak standar sosyete a fikse yo.

Nan yon entèvyou eksklizif li bay pwogram ABC News Live ak Nightline, ke yo difize Jedi 22 Septanm, rapè a esplike li konsidere kom yon ofans, "ide sante mantal la kom gwo sikjè diskisyon".

" Se tankou si si yon blan te di yon nwa - oh mwen vle pale w de kestyon negrès la. E youn nan bagay ou tande lè moun ap pale de sante mantal la se ke menm yon moun ki fou kapab di se oumenm ki fou."

Ye konfime tou pou jounalis Lindsey Davis ke li toujou gen anbisyon politik, malgre li te echwe nan tantativ li tap fè an 2020 pou vin prezidan Etazini.

" Absoliman aspirasyon yo, ou konnen Bondye pat vle m reyusi. Mwen si e sèten Bondye te vle pou'm admèt defèt mwen epi di se poko lè a."

Konvèsasyon ak Ye: Lindsey Davis Reporting disponib pou spektatè yo kou sèvis streaming Ameriken Hulu.

XS
SM
MD
LG