Accessibility links

Breaking News

Plis Pase 1,300 Manifestan Jwenn Arestasyon nan Larisi


Lapolis anti-emet Ris arete yon manifestan pandan yon mobilizasyon nan Moskou, Larisi, Mekredi 21 Sept. 2022.
Lapolis anti-emet Ris arete yon manifestan pandan yon mobilizasyon nan Moskou, Larisi, Mekredi 21 Sept. 2022.

Plis pase 1,300 moun jwenn arestasyon yo nan manifestasyon k ap dewoule nan tout LaRisi kont anons Prezidan Vladimir Putin pou mobilize yon pati nan popilasyon sivil la pou al goumen nan Ikrèn, dapre sa yon gwoup ki ap swiv aksyon lapolis di ayè lendi a.

Gwoup ki rele OVB-Info konte pou pi piti mil-332 moun ki jwenn arestasyon yo nan manifestasyon ki t ap dewoule nan 38 vil nan peyi a apre Putin te fin pale ak nasyon an.

Se pi gwo pwotestasyon ki te dewoule nan LaRisi depi Moskou te anonse entèvansyon militè nan Ikrèn nan mwa Fevriye a.

Kèk jounalis Ajans France Presse (AFP) sant kapital la, Moskou, fè konnen lapolis ak ekipman pou jere rebelyon te arete pou pi piti 50 moun nan yon ri komèsyal.

XS
SM
MD
LG