Accessibility links

Breaking News

Erdogan: Larisi ak Ikrèn Pare pou "Twoke 200 Prizonye"


Erdogan
Erdogan

Prezidan Tik la, Recep Tayyip Erdogan, te di Lendi nan aswè sou televizyon Ameriken PBS Larisi ak Ikrèn ki mele nan yon batay dakò pou yo "twoke 200 prizonye".

"Ap gen echanj 200 prizonye byento apre yon akò ant pati yo," chèf deta Tik la deklare. Li di li konsidere ke se yon pa "siyifikatif" nan konfli sa a.

Li pa bay okenn lòt detay sou akò a, ni sou moun ki konsène. Li pa di si se sivil oswa sòlda.

Pou Erdogan, ki te rankontre prezidan Ris Vladimir Putin semèn pase a nan Samarkand (Ouzbekistan), chèf Kremlin an "vle mete fen nan lagè sa a pi vit posib".

Prezidan Tik la, ki te kenbe lyen li ak Moskou e Kyiv depi kòmansman envazyon Ris la nan Ikrèn 24 fevriye, ofri regilyèman pou aji kom medyatè nan konfli sa a epi li repete ke "nou dwe jwenn yon akò ki satisfè tout moun."

Li ajoute: men, pou nenpòt akò lapè ant Larisi ak Ikrèn, li pral nesesè yo retounen tè yo okipe. Se sa yo espere e se espwa pa nou tou." Erdogan asire ke li menm ak Sekretè Jeneral Nasyonzini an Antonio Guterres yo "ap travay sou sa".

Ankara te toujou mande pou retounen Krime (sid) Ikrèn depi okipasyon li pa Larisi nan 2014. Erdogan, preokipe an patikilye sou sò minorite Tatar ki pale Tik la.

Prezidan Latiki rive New York Samdi, e li pale madi devan Asanble Jeneral Nasyonzini an.

XS
SM
MD
LG