Accessibility links

Breaking News

Chanselye Scholz: "Sèl Fason pou Putin Kite Lagè a Tonbe, Se Si Li Reyalize Li Pa Ka Genyen"


World leaders address the 77th Session of the United Nations General Assembly at U.N. Headquarters in New York City
World leaders address the 77th Session of the United Nations General Assembly at U.N. Headquarters in New York City

Chanselye Alman an, Olaf Scholz, deklare devan Asanble Jeneral Nasyonzini an ke Prezidan Ris la, Vladimir Putin, ki te anvayi Ikrèn nan mwad fevriye a, "ap abandone lagè sa a ak anbisyon enperyalis li yo se sèlman si li reyalize ke li pa ka ranpòte laviktwa."

Chanselye Scholz deklare: "Nou kanpe fèm ak moun ki sibi atak sa yo - pou pwoteksyon lavi ak libète pèp Ikrenyen an, ak pou pwoteksyon lòd entènasyonal la".

Mesaj ke Lalmay vle fè pase se : "Nou kanpe fèm ak pèp sa a k ap sibi gwo atak malouk anba men militè ris yo."

Chanselye Alman an fè deklarasyon sa a devan Ansanble Jeneral Nasyonzini an.

XS
SM
MD
LG