Accessibility links

Breaking News

PM Ariel Henry Lanse yon Apèl pou Kalm, Mande Asistans pou Rezoud Kriz la


Premye Minis Ayisyen Ariel Henry rive nan Some Dez Amerik la nan Los Angeles, Kalifoni, 8 Jyen 2022.
Premye Minis Ayisyen Ariel Henry rive nan Some Dez Amerik la nan Los Angeles, Kalifoni, 8 Jyen 2022.

Premye Minis Ariel Henry mande Lendi asistans kominote entènasyonal la pou konbat zak vyolans gang yo ann Ayiti e li pwomèt anko pou'l travay pou oganize eleksyon. Deklarasyon sa a fèt nan moman Henry ap make premye anivèsè li sou pouvwa a, apre asasina Prezidan Jovenel Moise.

Diskou a, ki te difize kèk minit apre minwi, vini apre yon seri manifestasyon nasyonal kote pep la tap pwoteste kont kondisyon lavi kap vinn pi mal chak jou, epi zak vyolans gang yo, rate gaz la ak lavichè.

Henry pwomèt gaz pral disponib talè konsa e regilyèman e li rejte akizasyon moun lanse pou di kom kwa lap eseye kenbe pouvwa a.

Henry di "se pa vre" e li ajoute peyi a dwe pase nan "etap elektoral" anvan fen ane a. Se yon pwomès li fè plizye fwa deja, depi li te pan pouvwa an nan mwad Septanm 2021.

Sepandan li poko pran oken mezi pou nomen yon konsèy elektoral ki ta sipèvize eleksyon an e responsab Ameriken yo di sa pral pran omwens 6 mwa pou konsèy la oganize eleksyon.

Aktyèlman peyi d Ayiti gen sèlman 10 responsab eli - tout manm Sena a - depi Oktob 2019 le yo pat resi eleksyon lejislativ akoz hing hang politik epi manifestasyon popilè.

Prezidan Moise tap gouvène pa dekrè pandan plis pase yon lane anvan li te mouri asasinen nan mwad Jiye 2021.

Henry te renouvle apèl pou sipo entènasyonal pou ranfose fos polis la, konbat koripsyon epi amelyore ekonomi an.

Li kondane tou zak vyolans ki fet pandan manifestasyon yo men li admèt ke plizyè kriz frape Ayiti an menm tan e ke moun ap soufri anba lamizè.

Zak vyolans gang yo ak kidnaping lakoz yon pakèt moun kouri kite peyi a, e dè douzèn mouri pandan mwa ki pase yo, nan bato rachetik ki chaje ak twop moun ki pran lanmè pou eseye rive Ozetazini.

Pandansetan, tantativ pou arete moun ki lye ak asasina Moise la bloke apre 4 jij yo te nomen pou jere dosye a te demisyonnen akoz yo di yo pè pou yo pa touye yo.

Gen plis pase 40 moun Ayiti arete - pami yo wo responsab lapolis ak yon gwoup ansyen solda Kolonbyen. Omwens 2 pami 3 sispèk yo arete andeyo Ayiti te ekstrade Ozetazini kote yap fè fas ak akizasyon konplo pou komèt asasina oubyen kidnaping andeyo Etazini.

Henry limenm se youn nan sispèk yo. Ane pase a, li te revoke komisè gouvènman ki te mande yon jij akize'l ofisyèlman. Komisè a te mande premye minis la pou'l esplike poukisa li te pale 2 fwa ak yon sispèk kle, kèk hè sèlman apre asasina a. Henry demanti li gen anyen pou wè ak asasina a.

XS
SM
MD
LG