Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Popilasyon an Mande Demisyon PM Ariel Henry


Haiti Protest
Haiti Protest

Plizyè milye moun te pran lari nan Potoprens, kapital Ayiti, ak anpil lòt vil pou pwoteste kont ensekirite, lavichè e pou mande demisyon Premye Minis Ariel Henry.

Jounalis AP News ki te sou plas te tande kout zam melanje ak bri manifestan ki t ap chante epi bat bravo mèkredi pandan yo t ap defile nan lari ki te barikade ak wòch, ak kamyon, tandiske kawotchou t ap boule.

Plizyè lòt manifestasyon te paralize divès vil nan rejyon nò ak sid peyi a, tankou Pòdepè, Ti Gwav ak Jeremi, kote lapolis te tire gaz lakrimojèn pou kraze manifestasyon yo.

Pèp ayisyen an kontinye òganize divès manifestasyon pou yo pwoteste kont yon ogmantasyon nan aktivite vyolans gang yo ak pri pwodui premye nesesite yo ki monte byen wo plis gwo mank gaz ki genyen nan peyi a.

XS
SM
MD
LG