Accessibility links

Breaking News

FIFA Sanksyone yon Responsab Foutbòl Zimbabwe


Jij FIFA yo entedi yon responsab foutbòl peyi Zimbabwe pou 5 an akoz li te arsele seksyèlman abit fanm yo.

Yo jwenn Obert Zhoya kouopab dèske li te abize pozisyon li pou'l arsele 3 fanm.

FIFA anonse desizyon komite etik li ansanm ak yon aman $20,300.

Zhoya te sekretè jeneral komite abit Asosyasyon Foutbòl Zimbabwe a e li te gen enfliyans sou fòmasyon pou abit kap jere match yo epi se limenm ki te nomen kiyès ki tap sipèvize chak match.

FIFA di prèv li te konsidere gen ladann temwayaj ekri medam yo.

Dènye ka abi sa a nan FIFA swiv ankèt ak sanksyon òganizasyon an te pran kont responsab foutbòl wo plase nan Afghanistan ak Ayiti.

XS
SM
MD
LG