Accessibility links

Breaking News

Texas: Yon Timoun 4 an Ale Lekòl ak Yon Zam Chaje ak Katouch


gun
gun

Otorite Texas yo di laprès ke yon timoun ki selman gen 4 an te ale lekòl li ak yon zam byen chaje ak katouch, jou apre yon ensidan menm jan an nan Arizona, pandan kòmansman ane eskolè a reviv pè pou tire fèt nan lekòl yo.

Mèkredi maten, yon ofisye ki pat an sèvis te rapòte ke yon "yon etidyan ki gen 4 an te an posesyon on zam byen chaje" etidyan te sou teren yon lekòl primè Corpus Christi, ki sitiye nan Sid Texas.

Envestigatè yo te ale lakay timoun nan epi yo te idantifye pwopriyetè zam la. Nan yon nòt pou laprès lapolis di zam nan se te pou paran li.

Daprè lapolis Corpus Christi, yo te arete papa timoun lan ki gen 30 an e yo te akize l deske li te kite yon zam afe yon kote yon timoun kapab gen aksè avek epi li yo akizel tou deske li mete yon minè an danje.

XS
SM
MD
LG