Accessibility links

Breaking News

Etazini Apwouve Nouvo Vaksen COVID Booster ki Vize Nouvo Varyan yo


Yon foto konpayi Pfizer de nouvo vaksen COVID-19 li yo ki vize varyan omicron an.
Yon foto konpayi Pfizer de nouvo vaksen COVID-19 li yo ki vize varyan omicron an.

Otorite Ameriken ki kontwole medikaman kap vann nan peyi a bay otorizasyon pou distribisyon nouvo vaksen COVID-19 yo ki se premye medikaman ki vize varyan ki pi komen jodia, omicron.

Mezi FDA - Administrasyon Manje ak Medikaman an pran Mèkredi, pèfeksyone resèt vaksen Pfizer ak Moderna yo.

Espwa a se ke piki booster modifye yo va anpeche yon lot vag enfeksyon pandan sezon ivè a.

Jiskaprezan vaksen ki distribye yo vize kowonaviris orijinal la.

Nouvo booster yo gen mwatye resèt sa a epi nouvo pwoteksyon kont varyan omicron an.

Anvan yo komanse bay piki sa yo, Sant Prevansyon ak Kontwol Maladi a dwe rekomande kiyès ki ta dwe resevwa doz adisyonèl la.

Konseye CDC yo pral fè deba sou kestyon sa a Jedi.

XS
SM
MD
LG