Accessibility links

Breaking News

Sèvis Sekrè Rekipere $286 Milyon Moun Volè Lè yo Aplike pou Prè Pandan Pandemi a


Foto Achiv: Minis Jistis Etazini Merrick Garland, ak pwokire federal Kevin Chambers, Vandredi 26 Out, 2022.
Foto Achiv: Minis Jistis Etazini Merrick Garland, ak pwokire federal Kevin Chambers, Vandredi 26 Out, 2022.

Sèvis Sekrè Etazini fè konnen Vandredi li rekipere $286 milyon dola ke moun te obteni apre yo te fè fwod pou resevwa prè pandan peryod pandemi a. Li di lap remèt tout lajan sa a bay Administrasyon Ti Komès la.

Yon ankèt biwo Sèvis Sekrè a nan Orlando te jwenn plizyè moun te konplote pou soumèt aplikasyon pou prè Dega Ekonomik la apre yo te sèvi ak enfomasyon ki swa fo, swa yo volè li.

Apre sa yo te sèvi ak yon lyen bankè an liy pou transfere lajan yo te resevwa a.

Sèvis Sekrè te travay ak bank la pou idantifye apepre 15,000 kont epi sezi $286 milyon dola ki konekte avè yo.

XS
SM
MD
LG