Accessibility links

Breaking News

Georgia: Jij Yo Kontinye ap Kesyone Ansyen Gwo Otorite Ki te nan Anviwònman Trump


Capitol Riot Investigation Highlights
Capitol Riot Investigation Highlights

Jij enstriksyon kap menmen envestigasyon pou dekouvri eske Donald Trump ak patizan l yo te eseye enfliyanse rezilta eleksyon 2020 yo nan eta Georgia kontinye ap kesyone ansyen gwo otorite nan administrasyon Trump lan.

Pami yo ansyen chef kabinè Trump lan Mark Meadows ak avoka l Sidney Powell enterese jij enstrkisyon an anpil.

Avoka an tèt la nan Fulton County an Fani Willis voye yon manda jedi sa pou ekzije Meadows ak Powell pou yo reponn keksyon la jistis.

Youn nan kontak pwòch Meadows ki rele James Phil Waldron ak ansyen konseye Boris Epshten ap genyen pou yo bay temwanyaj yo devan yon gran Jiry nan lakou Atlanta nan mwa kap vini an.

XS
SM
MD
LG