Accessibility links

Breaking News

Sondaj: Pi Fò Ameriken Vle Plis Restriksyon Zam


Dives zam nan yon magazen nan Auburn, Maine, 18 Jiye, 2022.
Dives zam nan yon magazen nan Auburn, Maine, 18 Jiye, 2022.

Pi fò adilt Ozetazini vle pou gen plis restriksyon sou acha zam e yo kwe zak vyolans ak zam yo ap ogmante toupatou nan peyi a.

Yon nouvo sondaj jwenn sipò piblik la pou yon varyete restriksyon zam.

Se Fakilte Politik Piblik Lekòl Harris Inivesite Chicago a ki fè sondaj sa a ak Sant NORC Associated Press la pou Rechèch sou Zafè Piblik.

Sondaj la montre yon majorite Ameriken kwè kestyon rediksyon zak vyolans ak zam epi pwoteksyon dwa pou moun gen zam enpòtan anpil.

Sondaj la jwèn 71% Ameriken di lwa sou zam yo ta dwe pi sevè. Pami yo, mwatye Repibliken ak yon majorite moun ki gen zam lakay yo.

XS
SM
MD
LG