Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Anba Presyon pou l Ensiste sou Respè Dwamoun anvan Blinken Al Vizite Wannda


Antony Blinken, secrétaire d'état ya Etats-Unis apepi loboko nabobimi na ye na mpepo na libanda lya mpepo ya Kigali, Rwanda, 10 août 2022. (Photo by Andrew Harnik / POOL / AFP)
Antony Blinken, secrétaire d'état ya Etats-Unis apepi loboko nabobimi na ye na mpepo na libanda lya mpepo ya Kigali, Rwanda, 10 août 2022. (Photo by Andrew Harnik / POOL / AFP)

Kigali, Rwanda — Sekretè Deta ameriken an, Antony Blinken, pran direksyon peyi Wannda mèkredi apre li te fin rankontre ak lidè peyi Repiblik Demokratik Kongo (RDK), kote li te abòde dosye tansyon ak defi respè dwamoun ap konfwonte nan rejyon Gran Lak yo ann Afrik.

Blinken sipoze debake nan Kigali mèkredi swa nan kad sa Depatman Deta konsidere kòm efò Lèzetazini ap kontinye deplwaye pou l kenbe kontak sere avèk lidè afriken yo konsènan estrateji Washington gen pou pati kontinan afriken an ki stiye anba Sahara a, estrateji ki vize yon ranfòsman rapò ant Lèzetazini avèk Wannda.

Presipal kesyon Blinken pral soulve ak otorite yo pandan vizit sa a se tansyon k ap grandi ant Wannda avèk Repiblik Demokratik Kongo mete sou lòt konfli ki ekziste nan rejyon an.

Direktè biwo Human Rights Watch nan rejyon santral kontinan an, Lewis Mudge, deklare gen yon dezakò flagran ant reponsab yo sou kesyon dwamoun nan rejyon an; e konsa, konfli kontinye deranje lavi sivil inosan yo. Mudge fè konnen Blinken ta dwe pwofite okazyon sa a pou l repete angajman Lèzetazini pran pou l pwoteje dwa pèp yo nan rejyon an. Li ajoute:

“Vrèmanvre, li ta dwe sezi okazyon an pou l fè Prezidan Felix Tshisekedi ak Paul Kagame nan Repiblik Demokratik Kongo ak Wannda respektivman, ke Lèzetazini vle kontinye rete patnè tou le 2 peyi yo. Sepandan, se si e sèlman si yo pran dispozisyon pou yo respekte dwamoun ak prensip demokratik yo.”

Blinken ak otorite yo nan Wannda kapab fè chita-tande sou konba k ap dewoule nan Kongo avèk patisipasyon rebèl gwoup M23 yo. An 2013, Lèzetazini te deside bloke asistans militè Washington t ap ofri pou Wannda akoz sipò ilegal peyi sa a a t ap bay gwoup la; rezon an sè ke Depatman Deta akize M23 deske li itilize timoun kòm sòlda. Yon lòt tèm diskisyon se le fèt ke gouvènman Kikali a mete nan prizon Paul Rusesabagina ki gen rezidans legal Ozetazini

Gouvènman wanndè a rejte akizasyon sa yo plizyè fwa deja; sepandan otorite yo di yo pare pou yo fè diskisyon sou dosye dwamoun ak bon gouvènans pandan vizit Blinken nan.

XS
SM
MD
LG