Accessibility links

Breaking News

Afrik di Sid: Naledi Pandor Akize Loksidan Kòmkwa li Pran Pozisyon Patwon ak Bouwo


La ministre sud-africaine des Affaires étrangères Naledi Pandor (D) et le secrétaire d'État américainAntony Blinken (G) assistent à une réunion d'ouverture du dialogue stratégique à Pretoria, Afrique du Sud, le 8 août 2022. (Photo Andrew Harnik / AFP)
La ministre sud-africaine des Affaires étrangères Naledi Pandor (D) et le secrétaire d'État américainAntony Blinken (G) assistent à une réunion d'ouverture du dialogue stratégique à Pretoria, Afrique du Sud, le 8 août 2022. (Photo Andrew Harnik / AFP)

Minis Relasyon Entènasyonal Afrik di Sid Naledi Pandor akize loksidan kòmkwa li pran yon pozisyon patwon ak bouwo nan relasyon-li ak Afrik, e li te pale konsa pandan lit-ap resevwa Sekretè Deta Etazini Anthony Blinken nan premye eskal visit Blinken ann Afrik. Pandor pale klè pou di Afrik di Sid gen opinion diferan ak sa Etazini gen sou Ikrèn, LaChin, Israel ak Palestinyen-yo.

Nan yon konferans pou laprès ke 2 dirijan-yo te fè ansanm nan kapital Afrik di Sid-la, Blinken te ensiste pou di ke li pa nan vire-won l-ap fè nan 3 peyi sou kontinan-an pou kontrekare enfliyans Moskou ak Peken k-ap grandi nan rejyon-an, jan anpil moun ap fè konprann nan, apre visit Minis Afè Etranjè ris Sergei Lavrov mwa pase-a.

“Angajman nou pou yon tèt-ansanm pi solid ak Afrik se pa pou defèt sa pèsonn te fè, » pawòl Blinken.

Blinken te pale tou sou sipò Etazini pou Ikrèn, kot eli di envazyon LaRisi nan Ikrèn-nan sete yon agresyon kont tout lòd entènasyonal-la.

Afrik di Sid rete neut sou konfli ak LaRisi-a, ki se patnè-li nan gwoup peyi BRICS yo, e li pa te vote nan l-ONU sou

kesyon-an, malgré Pandor te di ke peyi-li pa vle wè lagè e ke li ta renmen wè yon fen nan konfli-a.

XS
SM
MD
LG