Accessibility links

Breaking News

Mwayen Oryan

Izrael ak Militan Gaza yo Twoke Kout Zam

Timoun kriye pandan fineray Palestinyen Tamim Hijazi ki mouri nan yon atak ayeryen Izraelyen nan Khan Younis, 6 Out, 2022.
Timoun kriye pandan fineray Palestinyen Tamim Hijazi ki mouri nan yon atak ayeryen Izraelyen nan Khan Younis, 6 Out, 2022.

Dènye konfwontasyon ant Izrael ak militan Gaza yo antre nan dezyèm jounen li pandan ke avyon Izraelyen yo ap frape sib nan Gaza epi atak ak fize ap pèsiste nan sid Izrael.

Otorite Palestinyen yo di gen omwens 15 moun ki mouri nan Gaza, pami yo yon lidè militan wo plase ak yon tifi 5 an.

Bagay la te komanse ak atak Izrael la ki te sible militan an - yon komandan wo plase Jihad Islamik Palestinyen an - Vandredi.

Lidè Hamas yo sanble yap swiv jiskaprezan, ki lakoz entansite konfli a pa ogmante - pou kounyea.

Izrael ak gwoup militan Hamas Palestinyen an fè lagè 4 fwa deja epi goumen nan batay mwen sevè plizyè fwa pandan 15 zan ki pase yo.

See all News Updates of the Day

Batay Rekòmanse ant Izrayèl ak Hamas

Batay Rekòmanse ant Izrayèl ak Hamas
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:30 0:00

Batay rekòmanse ant Izrayèl ak Hamas apre negosyatè yo pa jwenn yon antant pou kontinye seselfe a

Atak Mòtèl Dewoule Nan Gaza Apre Fen Trèv Izrayèl-Hamas la

Smoke over Gaza as seen from Israel's border
Smoke over Gaza as seen from Israel's border

Lame Izrayelyen an rekòmanse bonbadman mòtèl li nan Gaza a jodi Vandredi 1 desanm nan. Yo di yo frape "plis pase 200 sib teworis", apre fen trèv la maten byen bonè ant pèp Izrayèl la ak mouvman Islamis Palestinyen Hamas la.

Ministè Sante Hamas ki kontwole pouvwa a nan Gaza rapòte plis pase 100 moun mouri nan bonbadman Izrayelyen ki te fèt pa vwa aeryen, nan lanmè ak tè.

Premye eksplozyon yo, te fèt yon ti tan apre ekspirasyon trèv la nan 05:00 GMT, plizyè milye rezidan, te retounen nan lopital ak lekòl ke yo transfòme nan kan refijye pou deplase yo.

Lame Izrayelyen an te deklare ke li te frape zòn "kote ki te pyeje ak eksplozif, tinèl ke tworis yo itilize, ak sant kòmandman".

Yo lanse akizasyon pou di Hamas tire misil nan direksyon Izrayèl.

Belijeran yo blame youn lòt pou fen trèv la ki te pèmèt yo jwenn liberasyon pou anviwon yon santèn otaj an echanj pou Izrayèl limenm lage 240 prizonye Palestinyen yo e ofisyèl yo an Izrayèl te dakò pou kite plis èd imanitè antre nan Gaza, dapre Nasyonzini gen yon sitiyasyon imanitè ke li konsidere kòm "katastwofik".

Hamas te di ke "li pwopoze yon echanj prizonye ak moun ki granmoun nan lis otaj yo", e Hamas te di li ap remèt bay Izrayèl kadav otaj Izraelyen yo "ki te pèdi lavi yo nan bonmbadman Izrayelyen yo te fè" sou Gaza.

Men, Premye Minis Izraelyen an, Benjamin Netanyahu, akize mouvman islamis la kòmkwa li te "vyole akò trèv la" e li di yo "te tire wòkèt" nan direksyon Izrayèl.

Blinken Rankontre Lidè Izrayelyen, Palestinyen yo

Blinken Rankontre Lidè Izrayelyen, Palestinyen yo
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:46 0:00

Sekretè deta ameriken an Antony Blinken rankontre otorite Izrayelyen ak Palestinyen kèk èdtan apre pati ki an konfli yo dakò yon 7èm jou seselfe. Jean Robert Philippe efò ap kontinye pou liberasyon plis prizonye ak otaj...

Yon Komisyon LONU Pral Ankete Vyolans Seksyèl Hamas Pandan Atak 7 Oktob la

Yon Komisyon LONU Pral Ankete Vyolans Seksyèl Hamas Pandan Atak 7 Oktob la
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:22 0:00

Nasyonzini mete yon komisyon sou pye pou ankete sou vyolans seksyèl HAMAS pandan atak 7 oktòb 2023 a.

Hamas Lage 2 Fanm Izrayelyen nan yon Lòt Boukantay Prizonye pou Otaj

Palestinyen fe la ke pou resevwa manje nan Rafah, Gaza, 30 Novanm 2023.
Palestinyen fe la ke pou resevwa manje nan Rafah, Gaza, 30 Novanm 2023.

Hamas lage 2 fanm Izrayelyèn li te kenbe ann otaj nan moman trèv Gaza a pwolonje pou yon lot jou.

Boukantay otaj pou prizonye planifye a fèt yon jou apre Izrayèl ak Hamas te antann yo pou pwolonje seselfe a, ki an plas depi 7 jou.

Nempot ki lot pwolongasyon antant ki te pèmèt plizyè douzèn otaj ak prizonye jwenn liberasyon yo taka difisil paske yo atann yo aske Hamas mande yon pi gwo pri pou rès moun li kenbe ann otaj yo.

Kominote entènasyonal la mete anpil presyon sou 2 pati yo pou yo kontinye respekte trèv la pi lontan posib, apre plizyè semèn bonbadman Izrayelyen. Izrayèl te atake Gaza kom revanj pou atak militan Hamas yo te lanse kont li 7 Oktob pase a.

Atak Izrayelyen yo touye plizyè milye moun nan Gaza. Izrayèl di gen yon afè 1,200 Izrayelyen ki mouri pandan atak Hamas la 7 Oktob pase a.

Load more

XS
SM
MD
LG