Accessibility links

Breaking News

Pap La Rive nan Kanada Poul Mande Endijèn yo Eskiz nan Non Legliz Katolik


Pope Francis departs for his apostolic visit to Canada
Pope Francis departs for his apostolic visit to Canada

Pap Franswa rive dimanch nan peyi Kanada pou yon vizit 5 jou, kote li espere pèsonèlman mande endijèn yo eskiz nan non Legliz Katolik. Sivivan endijèn sa yo te viktim abi seksyèl pandan plizyè dizèn ane.

Pap Franswa, ki gen 85 an, rive nan peyi Kanada dimanch pou yon vizit 5 jou, li pral mande endijèn yo eskiz nan non Legliz Katolik pou abi yo te fè yo.

Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau ak Mary Simon, premye gouvènè jeneral endijèn nan peyi a te akeyi li, ansanm ak lidè endijèn yo. Te genyen yon seremoni ki te òganize nan ayewopò pou akeyi li.

Ant 1881 ak 1996, plis pase 150,000 timoun endijèn ki te nan pansyon nan yon lekòl Katolik te viktim de abi seksyèl.

Anpil timoun sa yo te viktim de abi fizik ak seksyèl ke direktè ak pwofesè nan lekòl yo te komet sou yo.

Gen dè milye timoun ke yo kwè te mouri nan maladi, malnitrisyon oswa neglijans.

Depi me 2021, yo te dekouvri plis pase 1,300 tonm sou teren kote ansyen lekòl yo teye.

XS
SM
MD
LG