Accessibility links

Breaking News

Eske Pap Franswa Pare pou L Demisyonen?


Pope Francis delivers the homily during a Pentecost Mass celebrated by Cardinal Giovanni Battista Re inside St. Peter's Basilica at the Vatican, June 5, 2022.
Pope Francis delivers the homily during a Pentecost Mass celebrated by Cardinal Giovanni Battista Re inside St. Peter's Basilica at the Vatican, June 5, 2022.

Bwi ap kouri nan kominote katolik la sou Pap Franswa akoz yon nouvèl ki di li pral vizite vil L'Aquila, nan san Itali, nan mwa d'Aout la, pou yon fèt ke Pap Celestin 5 te selebre pou la premyè fwa. Celestin 5 se youn nan pap ki te demisyonnen anvan Benwa 16 te fè sa an 2013.

Medya Italyen ak laprès katolik site pawòl k ap pale san moun pa konnen ki kote yo soti e ki di kòmkwa chèf legliz katolik la, ki gen 85 lane, kapab ap pare pou l fè tankou Pap Benwa 16 akoz li gen difikilte pou li deplase, sa ki te fòse li itilize yon chèz woulant pandan mwa ki pase a.

Rimè sa yo te pran fòs semèn pase a lè Franswa te anonse yon reyinyon pou nonmen 21 nouvo kadinal nan dat 27 d'Aout k ap vini an. 16 nan kadinal sa yo poko gen 80 lane e yo kalifye pou yo vote nan yon konklav pou eli yon ranplasan pou Pap la.

Pap Franswa te eli an 2013 avèk yon manda pou refòme biwo Vatikan yo. Kounyea ke pwojè sa a --ki la depi 9 lane soti deyò-- deja ann aplikasyon an pati, Souvren Pontif la sanse deja akonpli prensipal misyon li kòm Pap.

XS
SM
MD
LG