Accessibility links

Breaking News

Premye Dam Ikrenyèn nan Di Manm Kongrè Ameriken an Fè Peyi li jwenn Sistèm Anti-Misil


US Ukraine First Lady
US Ukraine First Lady

Washington - Premye Dam Ikrèn nan, Olena Zelenska, mete devan manm Kongrè ameriken an mekredi foto ki montre viktim lagè Larisi lanse nan peyi li a. Madam Zelenska, k ap vizite Washington, pwononse yon diskou chaje ak emosyon kote li lanse apèl pou l mande Lèzetazini voye plis sistèm defansif ayeryen pou peyi li kapab repouse atak ak misil lame ris la.

Zelenska montre vizaj Liza, yon ti bebe ki te pèdi lavi li nan yon atak ak misil pi devan mwa sa a nan vil Vinnytsia; li montre tou Eva, yon timoun 5 kan yo te jwenn anba debri yon building lame Larisi a te detrui; epi foto yon dam ki te rive chape anba Olokòst la e ki pèdi lavi li nan Kyèv.

Premye Dam Ikrèn nan, ki t ap pale nan lang ikrenyen an pandan yon dam t ap tradui pou li, fini pa di:

“Mwen vle adrese m avèk nou non pa an tan ke Premyè Dam, men kòm yon pititfi e kòm yon manman pitit. Kèlkeswa pozisyon ak tit nou rive posede nan lavi, anvan tout bagay nou toujou fè pati yon sèl fanmi.”

Olena Zelenska rive sou 3èm jou yon vizit nan Washington kote li te deja rankontre madi ak Premyè Dam Etazini an, Jill Biden, nan Lamezonblanch, tandiske lendi li te fè yon chita-tande avèk Sekretè Deta Antony Blinken.

2 Premyè Dam yo te deja rankontre pandan yon vwayaj Madam Biden te fè nan pati lwes Ikrèn nan mwa me a, yon vwayaj otorite 2 peyi yo pa t anonse davans e kote yo te vizite yon lekòl epi rankontre avèk yon gwoup timoun ki t ap prepare kado nan okazyon Fèt de Mè a.

XS
SM
MD
LG