Accessibility links

Breaking News

Netflix Pèdi Abone, men Pa Otan ke yo te Krenn


Foto Achiv: Logo konpayi Netflix nan katye jeneral li nan Los Gatos, Kalifoni.
Foto Achiv: Logo konpayi Netflix nan katye jeneral li nan Los Gatos, Kalifoni.

Netflix pèdi yon lot 970,000 abone pandan sezon prentan an, gras ak konpetisyon sevè epi enflasyon ki monte 17 wotè e ki lakoz sitwayen yo redwi depans yo. Sa ogmante sityasyon dijans pou sèvis streaming popilè a ofri opsyon pi bon mache - ak reklam.

Netflix anonse bès pou peryod ant Avril ak Me a Madi nan kad rapo li fè chak 4 mwa sou lajan li antre a. Chif li rapote yo se pi gwo pèt abone nan listwa konpayi a, ki gen 25 an.

Sityasyon an tap pi graj toujou, si direktè Netflix yo pat anonse nan mwad Avril ke li tapral pèdi 2 milyon abone nan dezyèm tranch ane a.

Gwo bès nan kantite abone yo frape aksyon Netflix tou, ki sibi yon bès 7 pousan.

XS
SM
MD
LG