Accessibility links

Breaking News

Netflix ap Ogmante Pri li Ozetazini ak Kanada


Foto Achiv: Logo Netflix la sou Apple TV.
Foto Achiv: Logo Netflix la sou Apple TV.

Netflix pral ogmante pri li pou kliyan li yo Ozetazuni ak Kanada. Ogmantasyon sa a vini mwenske yon ane edmi apre dènye ogmantasyon an, nan moman kote lap fè fas ak anpil konpetisyon ak lot sèvis streaming yo.

Konpayi a, ki gen baz li nan Los Gatos, eta Kalifoni, deklare Vandredi ke pri sèvis li pral ogmante pa $1 a $2 selon plan moun nan genyen an.

Ogmantasyon pri yo vinn pi kouran ak Netflix kounyea, pandan l ap fè fas ak yon mache Ameriken ki sichaje ak konpayi ki fè streaming menm jan avè 'l.

Netflix te jwi yon voum nouvo kliyan entènasyonal pandan pandemi a, men lap envesti kounyea nan jwèt videyo nan moman lap anvizaje yon avni ki ale pi lwen pase sinema ak seri televize.

XS
SM
MD
LG