Accessibility links

Breaking News

Yon Nouvo App Ayisyen Vle Fe Netflix Konkirans


Yon Nouvo App Ayisyen Kreye Vle Fe Netflix Konkirans
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:44 0:00

Yon Nouvo App Ayisyen Kreye Vle Fe Netflix Konkirans

Yon nouvo App fek paret sou mache a pou moun ki vle gade seri televize ak sinema Ayisyen an Kreyol. Se Ayisyen ki kreye App sa a. Li rele TANDE.

Ziko, ko-kreyate a, se moun Potoprens. Misye di li kite Ayiti a laj de 14 zan e depi le a lap viv Miami.

"TANDE se yon aplikasyon mobil ke moun ka telechaje kit yo genyen (telefon) Apple oubyen Android. E sa TANDE ye se yon streaming App. Ou ka gade film ou ka gade seri ou ka gade videyo, ou ka tande mizik ladann, e se yon aplikasyon ki gratis. Nou pou kounyea fokus sou Amerik Latinn nan, Karayib la sitou Ayiti, men nou chaje kontnu e nan lavni se pral yon applikasyon pou tout entertainment net," Ziko fe konnen.

Misye te prezan sou tapi nwa a pou gran premyer LOYALT a nan Miami. TANDE se pral premye kote wap kapab we seri televize Robenson Lauvince la.

"Ide a soti nan mwenmenm, madanm mwen ak yon lot zanmi. Nou we nesesite pou te genyen'l epi nou reflechi sou li apepre 2 zan pou planifye'l, e nou lanse'l nan mwad Novanm ki sot pase a," Ziko deklare.

Misye di nou li pa yon ekspe an teknoloji, men li renmen kreye bagay nouvo.

"Bon mwen renmen kreye, mwen renmen inove men mwen pa yon ekspe nan teknoloji. Mwen gen yon devloper ki se patne ansanm ave'm. Non konpayi'l se Atomic Web Services, e se ave'l nou devlope App sa a."

App TANDE a pa fet selman pou moun k'ap viv Ozetazuni. Ayisyen kap viv Ayiti kapab telechaje li tou.

"Tande se yon aplikasyon global, nan nempot kote ou ye ou kapab telechaje'l. Tout kontnu an yo lisansye pou le mond antye," Ziko di VOA.

Pandemi a te bay Apps ki speyalize nan streaming yo - tankou Netflix ak Amazon Prime pa egzanp yon go bourad. Yo te ranmase yon paket nouvo abone. Nou mande Ziko kisa TANDE ofri ki diferan.

"Sa noumenm TANDE nou pote ki diferan se ankadreman an. Vreman gen lot platfom ki gen menm aplikasyon an, men tandans nou yo konpa, film nou yo e atis nou yo, yo make ankadreman sou lot platfom yo," misye di.

Pou kounyea, App la gratis, men Ziko ap anvizaje kijan li ka antre lajan nan lavni.

"Bon nou pa fe app la pou'n antre kob. Nou fe'l pou moun kapab enjoy li," Ziko deklare.

Nouvo seri televize LOYALT a ap disponib sou App TANDE a apati Premye Janvye 2022. Ziko fe konnen App la va gen premye sezon seri a epi dezyem nan tou.

Jeanty Augustin Junior kontribye a repotaj sa a depi Miami.

XS
SM
MD
LG