Accessibility links

Breaking News

Larisi Entèdi Jill Biden Sou Teritwa li


U.S. President Joe Biden, accompanied by first lady Jill Biden, waves as he arrives to greet leaders during the Summit of the Americas, in Los Angeles, California, June 8, 2022.
U.S. President Joe Biden, accompanied by first lady Jill Biden, waves as he arrives to greet leaders during the Summit of the Americas, in Los Angeles, California, June 8, 2022.

Larisi anonse Madi ke li entèdi madanm ak pitit fi Prezidan Joe Biden pile tè Moskou. Desisyon sa yo se repons kif-kif pou sanksyon ke Etazini pran kont Larisi.

Minis Afè Etranjè a te di gen 25 non moun yo te ajoute sou lis la - ladann gen madanm Biden Jill ak pitit fi li Ashley.

Yo entèdi 4 senatè ameriken ke yo te idantifye kòm "responsab pou fòmasyon kou Rusofob (Etazini) a:" Pami yo nou jwenn Repibliken Mitch McConnell, Susan Collins ak Ben Sasse ak Demokrat Kirstin Gillibrand.

Lis la gen ladan tou akademisyen enpòtan tankou Francis Fukuyama, ki ekri yon liv ki rele "The End of History and the Last Man" (Fen liswa ak denye gason an).

XS
SM
MD
LG