Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Lapolis Mete Anba Kòd Ezéchiel Alexandre, alias "Ze"


Ezéchiel Alexandre, "alias Ze" Source FB: PNH
Ezéchiel Alexandre, "alias Ze" Source FB: PNH

Lapolis Nasyonal Ayiti arete Ezéchiel Alexandre, alias "Ze", chèf gang Baz Pilat, dimanch 26 jen 2022, nan Kafou Feuilles, sou plas Jérémie.

Apre yon manda lajistis ayisyen an te pibliye kont li, otorite yo te arete Ezéchiel Alexandre nan Kafou Feuilles.

Pou kounya prezime bandi a nan men Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) pou swadizan patisipasyon li nan zak asasina, posesyon ilegal zam afe, vyòl ak vòl ame.

Pandan arestasyon li otorite yo te aretel ansanmb ak Junior Claude, yon ansyen polisye, ak nimewo anrejistreman: 09-21-07-10718.

Soti nan 21yèm pwomosyon PNH la, ajan (1) Junior Claude te plase nan depatman Nòdwès la, an patikilye nan Port-de-Paix, e li te abandone pòs li an 2019.

Dapre sa PNH la deklare arestasyon Ezéchiel Alexandre, chèf gang "Baz Pilat" ak ansyen polisye Junior Claude, kap opere nan 2e Avenue Bolosse, fè pati de yon gwo operasyon PNH la kòmanse pou batay kont krim òganize.

Pou moman sa a, Ezéchiel Alexandre nan prizon nan DCPJ ann atandan aksyon legal ki nesesè yo.

XS
SM
MD
LG