Accessibility links

Breaking News

8 Moun Mouri nan Prizon Ayiti Akòz Mank Manje, Dlo


Foto Achiv: Polis Nasyonal la chache prizonye ki chape poul yo sou perimet Prizon Sivil Kwadèboukè a nan Potoprens, 25 Fev. 2021.
Foto Achiv: Polis Nasyonal la chache prizonye ki chape poul yo sou perimet Prizon Sivil Kwadèboukè a nan Potoprens, 25 Fev. 2021.

Yon responsab Ayisyen deklare Jedi ke omwens 8 prizonye mouri nan yon prizon ki gen twòp moun ladann, kote pa gen manje depi 2 mwa. Chif sa a vinn ajoute sou plizyè douzen lanmò yo anrejistre ane sa a nan moman enstitisyon Ayiti yo ap efondre.

Grangou ak gwo chalè kontribye a lanmo prizonye yo nan vil Okay, nan sidwès Ayiti, dapre Ronald Richemond, komisè gouvènman an. Li di gen 833 prizonye nan prizon sa a.

Komisè a mande nempòt ki moun ki ka ede vinn fè sa paske prizonye yo nan bezwen.

Konsèy Sekirite Nasyonzini pibliye yon rapò semèn pase a ki di gen 54 prizonye ki mouri ak malnitrisyon ann Ayiti and mwad Janvye ak Avril.

Li lanse apel bay gouvenman Ayisyen an pou'l "pran mezi ki nesesè pou jwenn solisyon dirab pou founi manje, dlo ak medikaman bay prizon yo."

Sistèm prizon ki si chaje a se yon gwo pwoblèm. Otorite yo di leta pa gen lajan ase e pwoblem nan vin pi grav pandan mwad ki pase yo - yo di se sa ki lakoz malnitrisyon seve a epi lanmò prizonye yo.

Lwa peyi d'Ayiti mande pou prizon yo bay prizonye yo dlo ak 2 repa pa jou. D'abitid repa a se yon espèz de labouyi ak yon bòl diri ki gen swa pwason oubyen vyann ladann.

Sepandan, nan mwa ki pase yo, prizonye yo oblije konte sou zanmi oubyen fanmi pou dlo ak manje e anpil fwa fanmi yo paka rann yo vizit akoz aktivite gang yo ki rann kèk zòn enpasab, dapre Michelle Karshan, ko-fondatris ONG ki rele Health Through Walls (Lasante Atrave Miray) ki jere swen sante prizonye Ayisyen yo

ONG a pote kole ak 3 lot oganizasyon ane sa a pou nouri yon afè de 11,000 prizonye Ayisyen nan 20 prizon pandan 3 mwa. Ed la rive nan yon moman kote peyi a tap fè fas ak enstabilite apre asasina Prezidan Jovenel Moise, 7 Jiyè pase a.

Depi lè a, sityasyon an vinn deteryore pi plis.

"Lanmò sa yo trè penib," Madan Karshan deklare. "Brèf - fok sistèm prizon an pran responsabilite. Yo paka rete bra kwaze - yo se gouvènman an."

Lasante Atravè Miray lanse plizyè pwogram ki vize takle pwoblem nan a lon tèrm - pami yo yon pwojè jaden nan yon prizon nan no Ayiti ki pwodwi zepina ak lot legim epi ki gen yon kalòj poul ak yon kote pou kiltive pwason.

"Men se yon sèl prizon," Madan Karshan fè remake.

Okay ak lot vil nan rejyon sid Ayiti afekte anpil tou pa ensekirite gang yo koze lè yo bloke wout prensipal ki lye yo ak kapital la, Pòtoprens. Sa rann ni tre difisil pou distribye manje ak lòt pwovizyon nan rès peyi a, dapre Pierre Esperance, direktè egzekitif RNDDH (Rezo Nasyonal Defans Dwa Moun Ayisyen an).

Komisè Richemond deklare kèk nan selil prizon yo te detwi nan tranbleman Out 2021 an e yo poko janm rebati. Kidonk sa lakoz plizyè prizonye oblije okipe yon espas ki ta dwe gen yon sèl moun ladann.

Pou kounyea, to okipasyon pou prizon yo se 280% e gen 83% prizonye yo ki bloke nan detansyon anvan pwosè yo depi lontan. Gen prizonye kap tann plis pase 10 zan pou fè premye parèt yo devan tribinal, dapre rapo LONU an. Anpil prizonye pa menm gen kote pou yo dòmi. Tandiske kèk dòmi atè, gen lòt ki oblije dòmi tou kanpe.

An Janvye 2010 te gen 400 prizonye Okay ki te fè yon emet pou pwoteste kont kondisyon lavi yo. Otorite yo di lapolis touye 12 prizonye e plis pase 40 lòt te blese.

XS
SM
MD
LG