Accessibility links

Breaking News

'Pèp Ayisyen an Merite Plis Pase Sa' Anbasadris Etazini nan LONU Deklare


Foto Achiv: Anbasade Etazini nan Nasyonzini, Linda Thomas-Greenfield pale ak jounalis yo pandan yon konferans pou lapres nan katye jeneral Nasyonzini, 1 Mas, 2021.
Foto Achiv: Anbasade Etazini nan Nasyonzini, Linda Thomas-Greenfield pale ak jounalis yo pandan yon konferans pou lapres nan katye jeneral Nasyonzini, 1 Mas, 2021.

Anbasadris Etazini nan Nasyonzini, Linda Thomas-Greenfield deklare BINUH (Biwo Entegre Nasyonzini pou Ayiti a) gen enpotans li e yo ta dwe renouvle manda li.

Madan Thomas-Greenfield fè deklarasyon sa a pandan yon odisyon Konsèy Sekirite Nasyonzini an fè Jedi 16 Jyen pou diskite sou sityasyon an ann Ayiti epi detèmine si yo ta dwe renouvle manda BINUH a.

Nan deklarasyon pa li, Direktris BINUH a Helen La Lime souliyen ensekirite a ann Ayiti ap vin pi grav chak jou.

Madan La Lime lanse avètisman pou di polis nasyonal Ayisyèn nan bezwen asistans rapido presto pou konbat krim ak zak vyolans. Li fè remake gang yo tèlman pwisan kounyea ke yo pran kontwol palè jistis Potoprens la.

"Ensekirite a ki afekte tout kouch sosyete ap vinn pi grav chak jou akoz enkapasite lapolis pou'l jere sityasyon an epi enpinite ki egziste pou moun ki komet gwo krim. Se yon bagay ki menase eta de dwa a," li deklare.

La Lime, ki se direktris Biwo Entegre Nasyonzini pou Ayiti a deklare pandan rankont Konsey Sekirite LONU an fe sou Ayiti ak renouvèlman manda BINUH ke ensekirite a ap deteryore rapidman ann Ayiti e ke gen 7 kidnapping ki rapote chak jou.

Nan mwad Me a sèlman, La Lime di gen 200 moun ki mouri asasinen, e bandi kidnape 198 moun.

Pami kidnapping sa yo te gen 2 otobis chaje ak timoun ak 3 anplwaye Nasyonzini ak fanmi yo. Yon anplwaye Ayisyen LONU mouri nan yon echanj kout zam ant gang yo.

Avetisman sa a lanse kek jou selman apre yon gang te vize Tribinal Premye Enstans Potoprens la kote yo te boule dosye ak prev. Otorite yo idantifye gang "5 Segond" la pou krim sa a. Gang sa a kontwole VIllage de Dieu, ki sitye an fas tribinal yo te vize a.

Komise Gouvenman an, Jacques Lafontant di Associated Press li toujou ap tann PNH ale nan tribinal la pou fe konsta. Pou kounyea se gang ki kontwole espas la, Lafontant fe konnen.

La Lime di gang yo kreye yon "eta tere" ann Ayiti e li bleme enstabilite a pou kriz enstitisyonel la. Li ajoute pa gen anpil chans pou eleksyon dewoule ane sa a e ke pwoje pou kreye yon nouvo Konsey Elektoral Pwovizwa ap trennen anpil, ki se yon bagay ki fristran.

Kek enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG